Signed in as:
filler@godaddy.com
Discover Haiti’s Music, Food & Art

Vini patisipe nan Festival Ayiti nou an! Eksplore atelye sou kilti, manje tradisyonèl, defile, mizik, dans, espas jwèt, prezantasyon atis, konkou, foto, dekorasyon ayisyen, espas biznis lokal, ak konferans ak envite espesyal. Se yon festival kiltirèl ayisyen pou espesyal ayisyen ki fèt etazini ka aprann manje tradisyon ayisyen

Yon evènman chak ane ki selebre kilti ayisyen atravè manje, mizik, dans, jwèt tradisyon, lang kreyòl, atizana ak istwa. Nou kreye yon espas kote fanmi ak timoun ka aprann, pataje ak selebre eritaj ayisyen an. Nou travay pou: ankouraje timoun yo renmen epi respekte idantite ayisyen yo; prezève tradisyon ak valè zansèt nou yo; sipòte bizni
Yon evènman chak ane ki selebre kilti ayisyen atravè manje, mizik, dans, jwèt tradisyon, lang kreyòl, atizana ak istwa. Nou kreye yon espas kote fanmi ak timoun ka aprann, pataje ak selebre eritaj ayisyen an. Nou travay pou: ankouraje timoun yo renmen epi respekte idantite ayisyen yo; prezève tradisyon ak valè zansèt nou yo; sipòte biznis, atis ak pwofesyonèl ayisyen; kreye yon espas kote fanmi yo ka aprann, pataje epi selebre ansanm; bay timoun ki pa gen aksè fasil ak Ayiti opòtinite pou yo viv yon ti moso peyi a atravè yon eksperyans espesyal.

Misyon A Day in Ayiti se kreye yon eksperyans kiltirèl, edikatif ak familyal ki pèmèt timoun ak fanmi ayisyen nan dyaspora a konekte ak rasin yo. Atravè mizik, dans, jwèt tradisyonèl, manje, lang kreyòl, istwa, atizay ak temwayaj kominotè, nou angaje nou pou transmèt kilti ayisyen an bay jenerasyon k ap vini yo nan yon fason vivan, fyè
Misyon A Day in Ayiti se kreye yon eksperyans kiltirèl, edikatif ak familyal ki pèmèt timoun ak fanmi ayisyen nan dyaspora a konekte ak rasin yo. Atravè mizik, dans, jwèt tradisyonèl, manje, lang kreyòl, istwa, atizay ak temwayaj kominotè, nou angaje nou pou transmèt kilti ayisyen an bay jenerasyon k ap vini yo nan yon fason vivan, fyè ak memorab. A Day in Ayiti pote Ayiti pi pre jenerasyon k ap grandi nan dyaspora a, paske lè nou transmèt kilti nou, nou pwoteje eritaj nou.

Vizyon A Day in Ayiti se kreye yon pon vivan ant Ayiti ak timoun ayisyen k ap grandi nan dyaspora a, pou yo kapab dekouvri, renmen epi fyè de rasin yo. Nou vle bati yon espas kote kilti ayisyen an pran lavi atravè manje, mizik, dans, jwèt lontan, istwa, lang kreyòl, tradisyon ak valè zansèt nou yo. Paske nou pa toujou kapab mennen timou
Vizyon A Day in Ayiti se kreye yon pon vivan ant Ayiti ak timoun ayisyen k ap grandi nan dyaspora a, pou yo kapab dekouvri, renmen epi fyè de rasin yo. Nou vle bati yon espas kote kilti ayisyen an pran lavi atravè manje, mizik, dans, jwèt lontan, istwa, lang kreyòl, tradisyon ak valè zansèt nou yo. Paske nou pa toujou kapab mennen timoun yo Ayiti, nou pran angajman pou nou pote yon moso Ayiti ba yo. Nou reve pou A Day in Ayiti vin tounen yon mouvman kiltirèl ak edikatif ki reyini fanmi, antreprenè, atis, pwofesyonèl ak lidè kominotè pou transmèt eritaj nou bay jenerasyon k ap vini yo.

Vin fè eksperyans kilti ayisyen atravè manje, mizik, dans, atizana, aktivite pou timoun, ak plis toujou nan A Day in Ayiti. Objektif nou se pou chak timoun ki patisipe kite evènman an ak plis konesans sou peyi li, plis lanmou pou idantite li ak plis fyète pou l di: “Mwen se Ayisyen. Kilti mwen rich. Istwa mwen gen valè. Ayiti ap toujou v
Vin fè eksperyans kilti ayisyen atravè manje, mizik, dans, atizana, aktivite pou timoun, ak plis toujou nan A Day in Ayiti. Objektif nou se pou chak timoun ki patisipe kite evènman an ak plis konesans sou peyi li, plis lanmou pou idantite li ak plis fyète pou l di: “Mwen se Ayisyen. Kilti mwen rich. Istwa mwen gen valè. Ayiti ap toujou viv nan mwen.” A Day in Ayiti se plis pase yon evènman; se yon eksperyans, yon transmisyon ak yon eritaj pou jenerasyon k ap vini yo.
Your support and contributions will enable us to meet our goals and improve conditions. Your generous donation will fund our mission.

Mon | 09:00 am – 05:00 pm | |
Tue | 09:00 am – 05:00 pm | |
Wed | 09:00 am – 05:00 pm | |
Thu | 09:00 am – 05:00 pm | |
Fri | 09:00 am – 05:00 pm | |
Sat | Closed | |
Sun | Closed |
Copyright © 2026 Yon Jou an Ayiti. Tout dwa rezève.
Official Website proudly designed, developed, and powered by our Official Digital Sponsor, www.sitemakert.com
We use cookies to analyze website traffic and optimize your website experience. By accepting our use of cookies, your data will be aggregated with all other user data.

Vini eksplore tout bèl moman 3ᵉ edisyon Yon Jou an Ayiti a. Dekouvri foto ki montre jan jounen an te ranpli ak kilti, mizik, manje, dans, ak anpil emosyon. ❤️